user_mobilelogo

LANGUAGE:

visithaitiad

Cette déclaration a été lue publiquement par l’ancien Premier ministre Evans Paul à Bois-Caïman, plaine du Nord, en présence du Président Jovenel Moise, du Ministre de la Culture et de la Communication, Limond Toussaint, et des parlementaires.

 

DEKLARASYON BWAKAYIMAN

                                                                       

Jodi a, lendi 14 daou 2017, nan Lakou Boukman, MÒN WOUJ, LAPLENNDINÒ, nou menm Prezidan JOVENEL MOÏSE ak anpil lòt otorite: Minis, Senatè, Depite, Jij, Direktè, Konseye, Delege, Vis Delege, Polisye, Majistra, Kasek, Asek ak anpil lòt pèsonalite, anpil natif natal BWAKAYIMAN, anpil pitit AYITI ki soti toupatou nan peyi a.

Nou menm vodouyizan, fidèl katolik, fidèl pwotestan, fidèl mizilman ak tout lòt kwayans lafwa k'ap viv ansanm nan BWAKAYIMAN.

Nou menm manm KRI BWAKAYIMAN (Konbit Pou Revalorize Imaj BWAKAYIMAN), ki kontan resevwa premye fwa yon chèf Leta, Prezidan Jovenel Moïse nan selebrasyon BWAKAYIMAN.

Nou menm peyizan kiltivatè BWAKAYIMAN ak tout lòt sitwayen Ayisyen ki fòme kominote BWAKAYIMAN AN.

DEKLARE, BWAKAYIMAN se LAKOU LIBÈTE.

BWAKAYIMAN se eritaj diyite, zansèt nou yo mouri kite,  pou lònè tout AYISYEN ak respè dwa TOUT MOUN sou latè beni.

Se Isit la nan BWAKAYIMAN, FRANCOIS DUTY BOUKMAN AK CECILE FATIMA te frape tanbou rasanbleman pou kase chenn esklavaj la.

Se isit la nan BWAKAYIMAN, tout gran-gran paran nou ki t'ap soufri tribilasyon sistèm imilyasyon esklavaj la, te leve kanpe, louvri je yo, pou di NON. "Kole fè cho sou moun, koupe zòrèy yo, antere yo vivan ak tèt yo deyò badijonnen siwo pou foumi manje, jouk yo mouri, nan soufrans atwòs flajelasyon sistèm esklavaj la KABA".

Se isit la nan BWAKAYIMAN, nou antere pratik politik esklavaj, kote yo te konsidere anpil moun kòm byen yon ti gwoup moun.

Se isit la nan BWAKAYIMAN, nou te sèmante pou di NON, nou pa vle moun rete ak moun, nou pa vle pèsonn moun esklav okenn ti gwoup kolon, ki te gen pouvwa achte moun, revann moun, maltrete moun,  fòse moun travay, san repo, san peye,  pi mal pase zannimo.

Se isit la nan BWAKAYIMAN, nou batize prensip sakre TOUT MOUN SE MOUN, TOUT MOUN GEN MENM DWA.

Se isit la nan BWAKAYIMAN, zansèt nou yo te ranmase enèji konviksyon ak kouraj, pou revòlte kont move lavi, desepsyon eksplwatasyon kolonizasyon.

Se isit la nan BWAKAYIMAN, premye kout kòn lanbi lagè lendepandans peyi AYITI te lanse.

Se isit la nan BWAKAYIMAN, nou derape pelerinaj batay pou AYITI te vin granmoun tèt li.

Soti 14 daou 1791 isit la nan BWAKAYIMAN, rive premye janvye 1804 nan Gonayiv. Nou fè 13 zan nan wout.

Nou tonbe leve nan ravin koulèv, jou 24 fevriye 1802. Nou reziste LAKRÈTAPYEWO soti 4 rive 24 mas 1802. Nou fè kongrè VIV ANSANM pou kreye drapo nou nan LAKAYÈ, jou 18 me 1803. Chwal nou tonbe charye, fòs kouraj nou triyonfe VÈTYÈ, jou 18 novanm 1803. Nou fonde AYITI, premye peyi nèg endepandan nan Gonayiv, jou dimanch premye janvye 1804.

Apre 226 lane woulman tanbou rasanbleman Istorik patriyotik 14 daou 1791 la, nou rasanble jodi lendi 14 daou 2017 la nan BWAKAYIMAN, pou nou fè yon devwa MEMWA.

Memwa latèrè lesklavaj.

Memwa sakrifis zansèt nou yo.

Memwa rèl LIBÈTE.

Memwa kouraj konviksyon ak responsablite.

Memwa lagè pou lapè.

Memwa revolisyon pou respekte diyite tout moun, tout ras moun, tout kote, tout jenerasyon.

Memwa Boukman, Fatima, Mackandal, Jean Francois, Biassou, Tousen, Kapwa, Kristòf, Petyon, Rigo, Janjak Desalin ak tout nèg mawon, tout konbatan lalibète, nou dwe toujou bay ochan RESPÈ.

Memwa pou ti AYISYEN k'ap grandi konnen, BWAKAYIMAN se premye chapit listwa nou kòm PÈP, ki bay limanite leson LIBÈTE EGALITE FRATÈNITE.

Memwa pou n fè devwa nou nan BWAKAYIMAN, ki dwe jwenn imaj li merite,  pou sa li reprezante nan listwa AYITI peyi nou ak nan listwa limanite.

Memwa pou nou sonje, anplis BWAKAYIMAN, Boukman te bay lòd,  pou jou 14 DAOU 1791 la, lanbi kongrè revolisyon kont lesklavaj kònen anpil kote nan peyi a. Konsa, tanbou te frape nan kanpèch-Lakil Dinò, nan lakou Dereyal Limonad, nan Soukri Danach-Gonayiv, nan Laplenn Okay Difon, elatriye.

Devwa memwa sa a dwe fèt chak ane, soti 14 rive 23 daou isit la nan BWAKAYIMAN.

Devwa memwa pou Leta, Pati Politik, Ministè Kilti, Ministè Touris, ISPAN, Istoryen, Inivèsite, Biwo Etnoloji, Akademi Kreyòl, Teyat Nasyonal, Lekòl, Elèv, Etidyan, Pwofesè, Intèlektyèl,  Dyapora, Ekriven, Jounalis, Ougan, Manbo, Pè, Pastè, Imam, Atizan, Atis, Achitèk, Enjenyè, Ouvriye, Komèsan, Endistriyèl, Jesyonè, Sosyològ, Antwopològ... kreye kondisyon, ankourajman pelerinaj temwayaj RESPÈ, chak jou isit la nan BWAKAYIMAN.

Devwa memwa angajman pou nou reyalize PWOJÈ NASYONAL, MEMORYAL BWAKAYIMAN PATRIMWAN ISTORIK LIBÈTE.

Devwa memwa pou bay tèt nou plis ògèy, plis motivasyon, pou garanti LAVI MIYÒ, pou tout AYISYEN, toupatou, nan PEYI nou, AYITI.

DEKLARASYON BWAKAYIMAN 14 DAOU 2017 la, se yon sèman ANGAJMAN LETA ak tout sosyete PEYI A, pou bay ekzanp yon veritab LESPRI VIV ANSANM PATRIYOTIK NAN AYITI, makònen ak aksyon devlopman sosyal, ekonomik, kiltirèl, nou dwe mennen toutan, pou kenbe flanbo LIBÈTE ak PWOSPERITE INIVÈSÈL.

FÈT NAN BWAKAYIMAN, AYITI, JOU 14 DAOU 2017.